77 Gen you zanmi, you bon zanmi
77. Gen you zanmi, you bon zanmi
1.
Gin gnou zanmi, gnou bon zanmi,
Li rinmin-m dépi tout tan.
Li gingnin kè mouin ak lamou,
Li tankou chin-n pou kinbé-m.
Pèsòn pa kab kasé chin-n nan,
Li kinbé-m pa lamou li.
Mouin pou Li-min’m, Li pou mouin tou,
Pou tout tan é pou tout tan.
Kè:
Mouin pou Li-min’m, Li pou mouin tou,
Pou tout tan é pou tout tan. (2 li-n 2 foua)
2.
Gin gnou zanmi, gnou bon zanmi.
Li té mouri pou sové-m,
Li té ban mouin, avèk la vi,
Gnou lot kado, sé Li-min’m!
Tou sa-m gingnin, sé pa pou mouin,
Tout bagay sé pou Zanmi-m;
Kè mouin, é vi-m, tout sé pou Li,
Tout sé pou Li pou tout tan.
3.
Gin gnou zanmin, gnou bon zanmi,
Li gin bon kè, Li janti.
Li sé gnou gid, konséyè,
Épi Li kon-n défan-n mouin.
Ki moun kapab séparé mouin
Avèk Li-min’m kap rinmin-m?
Ni nan lan mò, ni lanfè min-m!
Non! Mouin pou Li pou tout tan.
-
Maestro Frederic uploaded a new media, 77 Gen you zanmi, you bon zanmi
6 years ago