-
Maestro Frederic uploaded a new media, 39. Moun Yo Ki Obéi
3 years ago
39. Moun Yo Ki Obéi
5,187

39. Moun Yo Ki Obéi
39. Moun Yo Ki Obéi
1.
Moun yo ki obéi,
É kap suiv Jézu-Kri,
Yo kontan é trézò yo an ro.
Lé zòt yo pa konnin
Ni la joua ni la pè
Nan kè tout moun kap suiv Sovè yo. (2 foua)
2.
Pandan tout la jounnin,
Sé non Kris map chanté.
Mouin ta souété tout moun konnin Li.
Mouin sètin li rinmin-m;
Li mouri pou sové-m
Avèk tout moun kap vini jouin-n Li. (2 foua)
3.
Sé gnou favè divin,
Sé gnou gran joua san fin;
Jézu rété nan kè-m, mouin kon-n sa.
Mouin posédé Sovè-m.
Mouin konnin li béni-m
Kòm si tout amou Bon-Dieu té la. (2 foua)