-
Maestro Frederic uploaded a new media, 56. Gloua à Dieu nan lè li trè ro
5 years ago
56. Gloua à Dieu nan lè li trè ro

56. Gloua à Dieu nan lè li trè ro
56. Gloua à Dieu nan lè li trè ro
1.
Gloua a Dieu nan lè lié trè ro,
Gloua a Dieu isit sou la tè.
Gloua a Dieu, matin, midi, souè,
Gloua a Dieu tout tan, tou patou.
2.
Mèsi, Bon-Dieu pou lé solèy
Kap kléré é kap chofé nou;
Mèsi, Bon-Dieu, tou, pou la pli
Ou bay pou rozé jadin nou.
3.
Mèsi, Bon-Dieu, pou fanmi nou;
Pou manman, papa, pitit tou;
Mèsi pou tout frè, sè nou yo,
Kap rinmin, kap supòté nou.
4.
Mèsi, Bon-Dieu, pou zanmi nou,
Mèsi pou tout moun Lévanjil;
Pou tout moun yo kap rinmin Ou,
Nou tout sé gnou-n nan Jézu-Kri.
5.
Mèsi, Bon-Dieu, pou amou Ou.
Mèsi, Bon-Dieu, pou Jézu-Kri.
Mèsi tou pou lé Sint-Éspri
Kap gidé é konsolé nou.
6.
Padonnin nou tout péché nou;
Nétouayé kè nou tou patou.
Ban nou la gras Ou tou lé jou
Pou-n kapab fè volonté Ou.
7.
Béni Bon-Dieu kap rinmin nou,
Béni Li tout moun tou patou.
Béni Pitit Li, Jézu-Kri.
Béni Pè, Fis é Sint-Éspri.