-
Maestro Frederic uploaded a new media, 67. Lè mwen te chèche Bondye
5 years ago
67. Lè mwen te chèche Bondye

67. Lè mwen te chèche Bondye
67. Lè mwen te chèche Bondye
1.
Lè mouin té chaché Bon-Dieu,
Gnou pòv péchè pèdu,
Pou mandé-l padon péché-m
O non Sovè Jézu,
Li kouté tout kri kè mouin,
Tou suit Li fè-m kontan;
Paské Jézu pran fado-m
É Li té ban-m gnou chan.
Kè:
Oui Jézu té pran fado-m
Mouin pat kapab pòté,
Oui Jézu té pran fado-m,
Li péyé dèt péché.
Tout krint mouin yo té sòti,
Li fè kè-m tout kontan;
Paské Jézu pran fado-m
É Li té ban-m gnou chan.
2.
Pafoua chémin an glisan,
Gin pa ki difisil,
Pafoua mouin fèb, mouin bouké,
Zéprèv mouin pa fasil;
Min lè-m ajénouyé mouin,
«Ségnè mouin, jouk ki tan?»
Lè sa Jézu pran fado-m.
Toujou Li ban-m gnou chan.
3.
Gnou jou tristès té krazé-m,
Mouin pèdu tout éspoua.
Chaj doulè ak touman mouin
Té sanblé tròp, mil foua.
Lè sa gnou voua vi-n palé-m,
«Ou pou mouin sètènman.»
Lè sa Jézu pran fado-m,
É Li té ban-m gnou chan.
4.
Ma mét tout konfians nan Li,
Li konnin tout chémin.
Li va gidé-m ak jé Li
Nan pélérinaj mouin.
É ma palé nan sièl la
Pou tout sièk ak tout tan
Koman Jézu pran fado-m
É plin kè-m ak gnou chan.