-
Maestro Frederic uploaded a new media, 58. Chak Moman Sovè Mouin Minnin-m
5 years ago
58. Chak Moman Sovè Mouin Minnin-m

58. Chak Moman Sovè Mouin Minnin-m
58. Chak Moman Sovè Mouin Minnin-m
1.
Chak moman Sovè mouin minnin-m;
Ki sa mouin doué tan-n ankò?
Mouin pa jan-m kab douté amou-L,
Pou mouin, sa vo plus ké lò.
La pè sièl ak konsolasion
Ap la foua mouin jouin-n nan Li;
É nan tout bagay ki rivé-m
Mouin toujou ouè Jézu-Kri. (bis 2 lign yo)
2.
Chak moman Sovè mouin minnin-m;
Souri Li kléré chémin-m.
Li ban-m gras pou tout éprèv mouin,
Pin ki sòti nan Li-min’m.
Malgré pié mouin souvan glisé
É nan-m mouin konnin souaf tou,
Sòti nan Ròch la dévan mouin
Sous la jayi nuit kon jou. (bis 2 lign yo)
3.
Chak moman Sovè mouin minnin-m,
Kè-m ranpli ak pè pafèt;
Amou-L va toujou anbrasé-m
Min-m nan soufrans ak dizèt;
Lè nan-m mouin monté nan sièl la
Koté Jézu ap tan-n mouin,
Chan sa ma va chanté toujou:
Li va minnin-m jouk la fin. (bis 2 lign yo)