-
Maestro Frederic uploaded a new media, 49. Chak Pa Mouin Fè
5 years ago
49. Chak Pa Mouin Fè
977

49. Chak Pa Mouin Fè
49. Chak Pa Mouin Fè
1.
Chak pa mouin fè
Sovè-m alé dévan mouin
Ak min Li, Li kondui-m nan bon chémin
Nan zorèy Li, mouin palé: «M-adoré Ou»
Nan la joua maché ak Li chak jou.
Kè:
Chak pa mouin fè
M-konnin Jézu va gidé-m,
Nan gnou plin-n pi ro Li toujou minnin-m
Jouk tan gnou jou
Mouin va fè dènié pa mouin
Chak pa mouin fè
Kondui-m pi prè sièl la.
2.
Lè asurans mouin komansé fayi
É dévan-m gin gnou falèz infini.
Mouin viré jé-m é gadé bo Sovè mouin
Li sé fò mouin lè-m maché avè-l.
3.
Mouin konfié nan Kris malgré sikonstans,
Jézu gingnin la vi an abondans.
L-apé kinbé klé a ki louvri pòt la,
Pou-m antré nan péyi promès la.